Skip to nav Skip to content

Èd Finansye nan Moffitt

Yon pati enpòtan nan angajman Moffitt pran pou sitwayen Florid yo se pran swen pasyan ki pa gen mwayen pou peye bonjan kalite swen pou kansè. Yon pati nan devouman li gen pou sèvi pasyan li yo se founi èd finansye pou pasyan ki kalifye ki pa anmezi peye pou swen yo nan Moffitt akòz yo gen kouvèti asirans ki pa sifizan oswa yo pa gen asirans.

Fason pou Aplike pou Èd:

Pou mande èd pou bòdwo ou nenpòt ki lè anvan oswa pandan w ap resevwa swen nan Moffitt, ou kapab kontakte Biwo Komèsyal Moffitt Cancer Center nan 12902 Magnolia Drive, MCB-BO, Tampa, Florida 33612, rele nan 1-800-456-3434, ekstansyon 8422, oswa rele nimewo dirèk la nan 813-745-8422.
Apre ou fin mande èd finansye, y ap refere w ba youn nan konseye finansye Moffitt yo oswa ba reprezantan sèvis pasyan. Nan moman sa a, w ap jwenn enfòmasyon sou pwosesis aplikasyon pou èd finansye a ak dokiman w ap bezwen yo pou ede Moffitt pran yon desizyon osijè kalifikasyon w pou èd finansye.

Sèten nan dokiman yo gendwa mande pou w bay yo konsènen enfòmasyon sou kouvèti asirans ou; sitiyasyon travay ou; prèv revni; gwosè fanmi w; prèv depandan ou genyen; prèv idantite; prèv kote w rete; ak valè nèt ou, ke yo detèmine lè yo tcheke tout byen ak atik ki gen valè pasyan an posede an konparezon ak bòdwo pasyan an.

Fason pou Kalifye pou Èd:

Apre ou fin aplike pou èd finansye, Moffitt pral evalye Aplikasyon pou Èd Finansye w lan. Nan evalyasyon li fè a, Moffitt ap egzamine tout dokiman ou bay yo pou jwenn sitiyasyon finansye ou. Anjeneral, Moffitt founi èd finansye pou pasyan ki pa gen asirans oswa ki gen asirans ki pa sifizan epi ki gen yon revni nan kay yo oswa byen nan kay yo ki vo jiska kat fwa nivo povrete federal la. Entansyon Moffitt sè ofri èd finansye pou pasyan li yo ki plis nan nesesite sou plan medikal ak finansye.

Aprè yo fin fè evalyasyon Aplikasyon pou Èd Finansye ou an, yon konseye finansye oswa reprezantan sèvis pasyan pral kontakte w pou fè w konnen si w kalifye pou èd, epi si w kalifye, y ap fè w konnen ki nivo èd ou kalifye pou w resevwa.

Lis Founisè ki Garanti yo:

Si w apwouve pou èd finansye, apwobasyon an ap gen ladan frè lopital Moffitt yo ak bòdwo doktè ki nan Gwoup Medikal Moffitt (Moffitt Medical Group). Gwoup Doktè USF (USF Physician’s Group) ap aplike 100% èd finansye Moffitt la pou bòdwo yo tou. Gwoup Doktè USF la p ap ofri tout lòt nivo èd avèk Moffitt yo.

Èd yo Ofri:

Yo kapab diminye bòdwo medikal yo oswa yo kapab anile yo nèt pou pasyan ki kalifye pou èd finansye. Nan kèlkeswa ka, yo p ap chaje yon pasyan ki kalifye pou èd finansye plis pase montan yo faktire jeneralman pou pasyan Moffitt ki gen asirans yo pou lòt swen ki nesesè sou plan medikal. Chak ane, yo kalkile montan yo faktire jeneralman pou pasyan Moffitt ki gen asirans. Nan moman kounye a, sa vle di pasyan ki kalifye pou èd finansye yo pa pral oblije peye plis pase 35% nan bòdwo medikal yo nan Moffitt.

Kikote pou w Jwenn Enfòmasyon:

Ou kapab telechaje yon kopi Politik Moffitt pou Èd Finansye ann AnglèPanyòl oswa Kreyòl (PDF), telechaje Aplikasyon pou Èd Finansye a ann
AnglèPanyòl oswa Kreyòl (PDF), ak telechaje Rezime nan Langaj Klè a ann AnglèPanyòl oswa Kreyòl (PDF).

Pou w jwenn tou yon kopi sou papye pou Rezime nan Langaj Klè sa a, Politik Moffitt pou Èd Finansye ak Aplikasyon pou Èd Finansye a, ou kapab kontakte Biwo Komèsyal Moffitt Cancer Center nan 12902 Magnolia Drive, MCB-BO, Tampa, Florida 33612 oswa rele nan 1-800-456-3434 ekstansyon 8422, oswa pou apèl lokal nan 813-745-8422.

Rezime nan Langaj Klè sa a, Politik Èd Finansye Moffitt la, ak Aplikasyon pou Èd Finansye Moffitt la disponib tou an Panyòl ak Kreyòl.

Nan Moffitt, nou konprann chak pasyan gen yon sitiyasyon finansye espesyalman, epi nou ankouraje w kontakte nou si w bezwen èd.